Mandat - Autorisation de Voyage pour Mineurs

Selecione o idioma

Pou Reprezantan an (Moun kap voye manda):

• Kopi premye paj idantifikasyon paspò valid pou omwen 6 mwa, oswa kat idantite nasyonal (CIN)

• Papye adrès rekeran nan Brezil.

Pou kliyan an (Moun kap resevwa manda):

• Kopi premye paj idantifikasyon paspò valid pou omwen 6 mwa, oswa kat idantite nasyonal (CIN) reprezantan an (moun kap voye manda a).

• Adrès moun kap resevwa manda an Ayiti.

• Si moun nan andikape epi li pa ka siyen, li dwe jwenn èd de moun ki dwe bay yon kopi paspò yo oswa kopi kat idantite nasyonal (CIN) yo. Si sa nesesè, yo ka pran anprent li.

Pou vann oubyen transfere byen, tankou tè, kay oswa machin:

Pou achte / vann yon kay: Papye kay la, papye apantaj oswa detay sou kay la, kote kay la lokalize, adrès, ekstrè dokiman pou vann oswa achte kay la ki sòti nan DGI.

Pou achte / vann / transfè machin: Deskripsyon ak prèv machin nan.

Frè ak metòd pou pèyman:

• R$ 250 (desan senkant reyal)

• Banco do Brasil, No Agencia: 1606-3, No Conta Corrente: 68.694-8, nan non Anbasad Ayiti.

• Nan kat debi (yap touche yon pousantaj de 2,9%).

Obsèvasyon 1 : Ambassad la pa asepte depo ki fèt nan anvlop oubyen transaksyon bankè (TED/DOC/TEF).

Obsèvasyon 2: Nou pa aksepte foto dokiman ki fèt ak telefòn, tanpri prezante fotokopi

Obsèvasyon 3: Youn nan paran yo oswa yon responsab dwe prezan pou siyen manda.