Pou renouvèlman paspò, tanpri bay sèvis konsilè anbasad la dokiman sa yo :

Selecione o idioma

Pou Granmoun

• De (2) kopi premye paj paspò a
• De (2) kopi batistè oswa ekstrè achiv (nou pa aksepte batistè oubyen ekstrè ki gen rati ak enfòmasyon ki pa fin konplè)
• Kat (4) bout foto paspò (mezi:35mm x 45mm sou fon blan). nou ka fè foto yo nan Anbasad la
• Nan ka yon fanm marye: Li dwe bay de (2) kopi sètifika maryaj la. Si sètifika maryaj la pa an franse, li dwe tradwil an fransè kay yon tradiktè asèmante (original sètifika marayj la ak tout tradiksyon an ki fèt an fransè a obligatwa)
• Nan ka yon fanm divòse: Li dwe bay de (2) kopi sètifika divòs la
• Nan ka yon fanm vèv: Li bay de (2) kopi sètifika lanmò mari l.

Pou Minè

• De (2) kopi premye paj paspò a
• De (2) kopi batistè oswa ekstrè achiv (nou pa aksepte batistè oubyen ekstrè ki gen rati ak enfòmasyon ki pa konplè)
• Kat (4) foto paspò (mezi: 35mm x 45mm sou fon blan). nou ka fè foto yo nan Anbasad la
• De (2) kopi premye paj idantifikasyon paspò valab paran yo (papa a ak manman an)
• Yon otorizasyon konsèy familyal nan ka yon timoun ki pa gen papa ni manman

Pri Paspò yo

Pou granmoun: R$ 645 (sisan karannsenk reyal / pou fè oswa renouvle paspò ki valab pou 10 lane + R$ 90.00 (katrevendis reyal) pou voye paspò a nan lapòs.

Pou minè/jiska 17 lane: R$ 535 (sisan ak trant-senk reyal / pou fè oswa renouvle paspò ki valab pou 5 lane + R$ 90.00 (katrevendis reais) pou voye paspò a nan lapòs.

Metòd pou pèyman

1.Nan kat debi dirèkteman nan Anbasad la oswa nan komisyon konsilè yo (yap touche yon pousantaj de 2,9%)

2.Depoze sou kont Anbasad Ayiti a: Banco do Brasil, No Agencia: 1606-3 NO Conta Corrente: 68.694-8.

OBSÈVASYON 1 : Ambassad la pa asepte depo ki fèt nan anvlòp oubyen tranzaksyon bankè (TED/DOC/TEF).

OBSÈVASYON 2: Si se yon paspò pèdi, fè yon deklarasyon nan polis (BO: Boletim de ocorencia) e li dwe tradwi pa yon traditè asèmante. Original deklarasyon an ak tradiksyon fransè a obligatwa.

OBSERVASYON 3. Delè pou paspò a fèt se 90 jou travay. Si toutfwa gen difikilte kote Paspò yo fèt la, delè sa a ka chanje.

OBSÈVASYON 4:Pri pou moun kap fè foto nan Anbasad  la se: R$ 25(venn senk reyal), ki kapab peye nan kat debi oswa sou kont Anbasad la.

OBSERVASYON 5. Nou pa aksepte foto dokiman ki fèt ak telefòn, tanpri prezante fotokopi